Ide Paul Raymond Yo pap Janm Disparèt…

Paul Raymond, ancien leader TKL...

Par Jean-Robert Pierre-Louis,

 MIAMI,  Samedi 22 avril 2023– Paul Raymond pran nesans nan Vyalè, yon locality nan vil Ti Gwav, Ayiti, nan mwa Sektanb 1961.

Byen bonè nan lavi-l, apwè li fini etid li nan Syans Kontab, Paul ta pral konsakre lavi-l, fòs li nan batay pou chanje lavi moun ki pi pòv yo, pou jistis sosyal, dwa moun, demokrasi, elatrye….. blayi nan peyi Dayiti nan enterè chak sitwayen.

An 1985 a laj 24 tran, amou-l pou peyi-a te pouse-l rejwenn jenès nan legliz Saint Jean Bosco kote teoloji liberasyon an tap boujonnen nan pawas Sen Joseph depi nan ane 1980.

Nan moman sa-a, Paul Raymond de pa karaktè-l, pèsonalite-l, tanperaman-l, elatriye….. te gentan enpoze-l kòm lidè nan mitan jèn Sen Jean Bosco yo.

Ofi e amezi batay la tap vanse nan legliz la, Paul Raymond tap kontinye enpoze-l atravè kapasite refleksyon-l, entèlijans lap devlope pou retire pèp Ayisyen anba diktatè, malfini gran grif, eksplwatè ak akaparè ki kenbe pèp la nan soufrans, grangou, ak mizè tout kalite.

Paul Raymond se Yonn nan manm fondatè TKL Sen Jean Bosco ki brote tout revandikasyon pèp Ayisyen an. Misyon, filozofi, ak objektif Ti legliz yo te enkane anndan Paul Raymond.

Paul Raymond te yon lidè avangadis kite gen konsyans, ki pat pè denonse tout sa ki mal ak anonse tout sa ki byen nan sosyete.

Paul Raymond se senbòl jistis, renmen, pataj, elatrriye… pou yon lòt sosyete. Li te toujou devan nan tout batay pou chanlman peyi Dayiti Toma. Kay pou tout moun, sante pou tout moun, sekirite pou tout moun, lekòl pou tout moun, travay pou tout moun, elatriye… sete prensipal eleman kite motive Paul Raymond nan batay mas yo. Konvoksyon Paul te pèmèt li kontinye batay la malgre tout difikilte jiskaske-l mouri.

Paul Raymond pat janm trayi batay la yon fwa, okontrè, kèlkeswa degre zamitay li avèk yon moun, depi-w kite chemen batay mas yo; ou vi-n lènmi-l imedyatman.

Misyon Paul Raymond pat pou Defann enterè pèsonèl li, sete toujou enterè kolektif la ke-l tap defann. Malgre tout pouvwa li te genyen an 94 ak 2001, li pat chwaziw vin milyonè pandan pandan pèp la paka satisfè bezwen elemantè yo. Li te prefere batay pou anpil sitwayen nan katye popilè yo jwenn yon travay pou satisfè bezwen yo ak fanmi yo. Anpil militan ki nan yon travay oubyen ki gen yon chèk pansyon Jodi-a se gras ak demach Paul Raymond.

Pasaj Paul Raymond sou tè sa-a pat inapèsi, li gen yon enpak ekstraòdinè nan lavi chak Ayisyen e lap la pou lontan. Fizikman, Paul Raymond kite nou, men ide-l yo pap janm mouri, yap kontinye rete vivan otan Ayiti eksziste.

Paul Raymond pran ekzil an repiblik dominikèn pandan de (2) fwa (1991 ak 2004) san senkòb kwiv. Yo arete-l e refoulé-l an Ayiti pandan de (2) fwa sou akizasyon lap òganize ak sipòte baz e soulve yo kont gouvènman an plas yo. Kòm rekonpans, li al nan prizon pandan de(2) fwa pou batay liberasyon pèp Ayisyen an.

Paul Raymond se senbòl serye, onètete, militans, rezistans kont abi, enjistis, elsplwatasyon, koripsyon, elatriye…, se yonn nan pi gran Ayisyen peyi Dayiti pa janm konnen.

Paul Raymond se yon modèl tout jèn militan dwe swiv de jenerasyon an jenerasyon. Misyon w akonpli, Paul Raymond.

Ale an pè disip Capois Lamort!